project305.org | Pwogram
16275
page-template-default,page,page-id-16275,ajax_fade,page_not_loaded,,footer_responsive_adv,qode-child-theme-ver-1.0.0,qode-theme-ver-10.1.1,wpb-js-composer js-comp-ver-5.0.1,vc_responsive
 

Pwogram

Premye ak Selebrasyon Pwoje 305 Lan

An janvye 2017 rezidan Miami yo te resevwa envitasyon pou pataje enpresyon yo ak emosyon sou Miami kote y ap soumèt yon odyo ak videyo klip bay New World Symphony, America’s Orchestral Academy (NWS), kòm yon pati nan Pwojè 305 lan. Yo te sèvi ak soumisyon sa yo pou konpoze yon travay pou òkès epi fè yon fim ki reflete vil la jan moun li yo wè li.

 

Pwojè kolaborativ la—yon patenarya ant New World Symphony, MIT Media Lab, Miami-Dade County ak Fondasyon John S. ak James L. Knight—te envite tout kominote Miami an ak kilti li yo pou travay sou kote konpozitè Ted Hearn ak pwodiktè fim Jonathan David Kane gras ak evènman kominotè, atelye ak rasanbleman soti 31 janvye rive 12 me 2017. Mesye Hearne ak Mesye Kane te travay ak direktè atistik NWS ak ko-fondatè Michael Tilson Thomas, ki te ede gide ansanm direksyon atistik travay la.

 

Rezilta travay mizik ak fim nan, se Miami in Movements, k ap soti premye fwa aswè a nan New World Center, ak lòt prezantasyon ki planifye pou fèt nan kominote ak katye Miami yo. Y ap ka wè prezantasyon aswè a an mèm tan deyò antanke yon konsè WALLCAST® nan SoundScape Park, ak sou entènèt kote piblik toupatou nan mond lan ka gade li sou Facebook Live.

 

Anplis de sa, prezantasyon premye fwa aswè a se videyo imèsiv 360 degre kap pote moun k ap gade a nan uit katye diferan Miami, ki pral kontribye ak konpreyansyon moun k ap gade a sou diferan kominote nou yo epi ranfòse apresyasyon moun k ap gade a pou Miami in Movements. Moun k ap gen chans fè premye eksperyans videyo sa yo se piblik k ap asiste premye prezantasyon an, men nou ka gade yo tou sou sitwèb pwojè a www.Project305.org.

 

Kominike laprès la ak apèl pou soumisyon pou Pwojè 305 la te fèt okòmansman nan twa lang—Anglè, Panyòl ak Kreyòl Ayisyen—ki se twa lang yo pale plis nan Miami. Nòt sa yo ansanm ak lòt materyèl pwogram nan apati de aswè a ap twouve yo nan tout twa lang yo sou entènèt nan www.Project305.org.

 

howard_fellows

Prezidan Ak Direkte Jeneral

byenvini nan pwoje 305!

Nan pouswiv misyon nou, NWS ap pouse eritaj mizik klasik la nan avni dijital la. Fondasyon Knight se yon gwo patnè nan travay sa a. Pwojè 305 posib gras ak finansman dirèk li epi li konstwi sou platfòm pwogram dijital ke Knight New Media Endwoment sipòte. Nou fyè pou nou pataje risk la ak lidè ki gen refleksyon avangadis Fondasyon an.

 

Aksè ak dyalòg dijital ap redefini angajman kominotè ak atistik. Pwojè 305 te kòmanse ak anplwaye NWS yo ak Manb vwazinaj Miami, ki te envite endividi pou idantifye epi pataje vizyon ak son inik Miami yo. Pou nou te reyisi nou te dwe rankontre sitwayen yo kote y ap viv, epi fòk pwopozisyon Pwojè 305 lan te entrige yo.

 

Apati de konvèsasyon sa yo yo te tounen patisipan entèraktif, kote yo te soumèt son ak videyo klip Miami yo a. Materyèl sa a te tounen fondasyon pou Miami in Movements.

 

Premye prezantasyon aswè a se yon dezyèm pwen entèraksyon. Nou tout —nan sal prezantasyon an, nan SoundScape Park ak sou entènèt—pral gen yon chans pou fè kòmantè sou prezantasyon an. Tag @nwsymphony epi sèvi ak #Project305 sou Facebook, Twitter ak Instagram.

 

Yon twazyèm aspè Pwojè 305 pote moso a tounen nan katye yo. Pandan ane ki pral vini an Manb yo ak anplwaye yo pral angaje tèt yo ak katye ke nou te rive konnen yo nan diferan fason. Gras ak prezantasyon, edikasyon ak koneksyon dijital nou pral kapitalize sou enèji k ap sikile ant mizisyon yo ak nouvo zanmi nou fèk jwenn nan Miami yo.

 

Siveye evènman Pwojè 305 nan mwa k ap vini yo. Plis pase tout bagay, apresye nouvo moman medya sa a.

 

Ak tout kè nou,

 

 

HOWARD HERRING
PREZIDAN AK DIREKTE JENERAL
NEW WORLD SYMPHONY

 


Teknoloji te chanje fason nou viv eksperyans lavi nou ak nan kominote nou. Aswè a n ap wè jan sa ka fondamantal pou pwosesis atistik la. Pwojè 305 te envite moun Miami patisipe nan yon eksperyans kreyatif ak zouti yo pote avèk yo chak jou—telefòn ak aparèy mobil yo. Nou pa ka tann pou nou wè epi tande kòman mikwo-moman son ak videyo sa yo ke moun te anrejistre sèvi pou kreye yon imaj senfonik Miami.

-Victoria Rogers, VP/Atizay Nan Fondasyon Knight

Pwogram

PICADILLO

 

Héctor Agüero, direktè/kibòd; Sol Ruiz, vwa/oukoulele
Rey Rodríguez, vwa/gita elektrik
Alejandro Sierra, twonpèt; Manuel Orza, bas
Alexis Arce, batri

 

BARRY BUCANEIROS

 

Doktè Brian Potts, direktè
Adriano Borba, *Derrick Brown, *Luis Fontes, *Joseph Greenfield
Richard Hargett, Carlos Jimenes, *Paola Montenegro
*Leonardo Scimonelli, *Aminatta Sillah, *Esdras Tatoute,
* etidyan ki reprezante Barry University

 

KORAL GOSPEL

 

Doktè Nelson Hall, direktè
Vokalis ki soti nan Tanp Legliz Advantis Setyèm-jou Miami
Florida Memorial University
ak Legliz Pòt Ouvè

 

E N T E M E D

 

NEW WORLD SYMPHONY

 

Michael Tilson Thomas, kondiktè

 

George Gershwin (1898-1937)
Cuban Overture (1932)

 

Ted Hearne (b. 1982) ak Jonathan David Kane (b. 1984)
Miami in Movements (2017; premye mondyal komisyon NWS la)
Ki soti nan ma a…
Jwèt Katye yo
Pòch isit, pòch la a
Pi pwòch pase fanmi
Im pou bas Miami sa a
Yon kanari nan min chabon an

 

Se New World Symphony ki te komisyone Miami in Movements avèk sipò Fondasyon Knight.

 

This concert is sponsored in part by

 

CARNIVAL CORPORATION IS THE PREMIER SPONSOR OF THE NEW WORLD SYMPHONY. NWS CONCERTS ARE PRESENTED WITH THE SUPPORT OF THE MIAMI-DADE COUNTY DEPARTMENT OF CULTURAL AFFAIRS AND THE CULTURAL AFFAIRS COUNCIL, THE MIAMI-DADE COUNTY MAYOR AND BOARD OF COUNTY COMMISSIONERS. NWS NEW MEDIA ARE PRESENTED BY KNIGHT FOUNDATION. NWS WALLCAST™ CONCERTS ARE PRESENTED BY CITI. HITACHI IS A TECHNOLOGY PARTNER OF THE NEW WORLD SYMPHONY. YAMAHA IS THE OFFICIAL PIANO OF THE NEW WORLD SYMPHONY. Pianos are generously provided by Piano Music Center. Concerts are recorded for archival and possible broadcast purposes. Your cooperation in maintaining a quiet listening environment is appreciated. Photography and recording are not permitted. All dates, times, programs, prices and artists are subject to change.

Nòt Pwogram

GEORGE GERSHWIN

 

Cuban Overture (1932)

 

Dire anviwon: 6 minit

 

George Gershwin te genyen 11 an lè fanmi li te premye pote yon pyano nan apatman yo. Kat ane apre, aprè kèk leson nan repètwa klasik ki gen ladann Chopin ak Deussy, Gershwin kite lekòl segondè epi jwenn tranvay antanke “demonstratè chante” nan ran Tin Pan Alley, fim piblikasyon mizik ki nan New York. Pèse li te fèt an 1919, kote atis enfliyans Al Jolson te ajoute chante “Swanee” nan yon revi; anrejistreman Jolson te vann plizyè milyon kopi epi mete Gershwin sou kat la kòm yon gwo konpozitè.

 

Tandiske Broadway (ak, finalman, Hollywood) te vin fè Gershwin rich epi popilè, li te toujou gen aspirasyon pou kreye konsè mizik serye. Premye efò Gershwin yo p at ka pi reyisi pase sa—yo te genyen ladan yo Rhapsody in Blue (1924), Konsè Pyano an Fa (1925) ak An American in Paris (1928)—men li te deside chache kanmenm direksyon yon konpozitè ak yon pwofesè Ris nan New York, Joseph Schillinger.

 

Premye konpozisyon Gershwin te prepare anba sipèvizyon Schillinger se te ouvèti yon konsè ke yon vakans resan nan Kiba te enspire. Travay la te kòmanse ak tit Rumba 16 out 1932, devan piblik yon estad plis pase 17,000 moun New York. Answit Gershwin chanje tit la an Cuban Overture, ke li te panse te ofri yon “yon lide ki pi jis karaktè ak entansyon mizik la.” Li te retounen lakay ak yon latriye pèkisyon Kiben nan vwayaj li ya, tankou klave, bongo ak maraka, kote tout byen prezante nan seksyon ki genyen plis bri seksyon deyò yo. Modèl senk-nòt Gershwin te jwe ki rele “baton Kiben” an se yon rit klave otantik, youn li te tande plizyè fwa nan plizyè nwit li te soti La Avàn yo.

 

— Tout Dwa Rezève © 2017 Aaron Grad

 

Aaron Grad se yon konpozitè, gitaris ak ekriven ki baze nan Seattle. Anplis bay nòt pwogram nan New World Symphony, li te anotatè Orpheus Chamber Orchestra depi 2005 epi li te kontribye nòt tou nan Saint Paul Chamber Orchestra ak nan Seattle Symphony.

 

TED HEARNE ak JONATHAN DAVID KANE

 

Miami in Movements (2017; premye mondyal komisyon NWS la)

 

Dire anviwon: 30 minit

 

Konpozitè Ted Hearn ak pwodiktè fim Jonathan David Kane te kreye Miami in Movements pou New World Symphony inisyativ Pwojè 305 lan. Men sa yo te ekri sou nouvo travay yo a:

 

Miami in Movements se yon refleksyon ak yon chante lanmou pou Miami kontanporen. Travay senfonik ak sinematik la entegre sekans yon seri entèvyou pèsonèl ke nou te reyalize ak rezidan ansanm ak vizitè Miami, epi tou kontni anrejistreman odyo ak videyo ke plizyè santèn moun Miami te anrejistre nan Miami-Dade County, ke yo te soumèt nan yon aplikasyon MIT Media Lab ak konpozitè Tod Machover te devlope. Travay la ap chache onore ak anrejistre mozayik rich ak konplèks vil la ansanm ak moun li yo.

 

Puiske Miami egziste nan “pòch,” yo chak posede ti mini-òganis li, yo chak gen yon konvèjans idantite kiltirèl ak limit k ap kontinye chanje, Miami in Movements reflete jewografi sa a ak mouvman diskrè, yo chak aji nan kèk fason tankou yon kliche yon peyizaj ke moun ka konprann sèlman nan pati pwòch ak kouch li yo. Relasyon òkès la ak kominote a, epi espesyalman New World Symphony ak vil Miami nan sans laj, nan yon fason similè toujou an mouvman, epi moso sa a tou vize pou reflete chanjman nan limit yo (mizikal, politik, kiltirèl) ki konekte, separe ak defini antite sa yo ak moun ki ladan yo.

 

— Ted Hearne ak Jonathan David Kane

 

Nou Se Yon Sel Miami

Michael Tilson Thomas

Michael Tilson Thomas se Ko-Fondatè ak Direktè Atistik New World Symphony, America’s Orchestral Academy, kote l ap kontinye jwe wòl edikatè nan fè mentora lòt jenerasyon mizisyen yo. Li se tou yon Direktè Mizikal nan San Francisco Symphony, Kondiktè Loreya London Symphony Orchestra, epi kenbe yon prezans aktif antanke kondiktè vizitè nan pi gwo òkès Ewòp ak Etazini yo.

 

Mesye Tilson Thomas te kòmanse etid fòmèl li nan Inivèsite Souther California kote li te etidye pyano avèk John Crown epi kondiktè ak konpozitè avèk Ingolf Dahl. A laj 19 an yo te nome li Direktè Mizikal Young Musicians Foundation Debut Orchestra. Li te travay avèk Stavinsky, Bolez, Stockhausen ak Copland sou premye konpozisyon yo nan Los Angeles’ Modnay Evening Concerts. Pandan menm peryòd sa a li te pyanis ak kondiktè pou Gregor Piatigorsky ak Jascha Heifetz.

 

An 1969 Mesye Tilson Thomas te genyen Pri Koussevitzky epi yo te nome li Kondiktè Asistan Boston Symphony. Li te vin tounen Kondiktè Asosye BSO, answit Prensipal Kondiktè Envite kote li te okipe pòs sa a jis an 1974.

 

Vas travay Mesye Tilson Thomas nan televizyon genyen ladann yon seri ak London Symphony Orchestra pou BBC Television, emisyon televizyon New York Philharmonic Young People Concerts soti 1971 rive 1977 ak anpil pwodiksyon sou PBS Great Performances. An 2004 Mesye Tilson Thomas ak San Francisco Symphony te anbake nan yon pwojè medya plizyè pwogresyon—Keeping Score—ki genyen ladann televizyon, sitwèb, pwogram radyo ak pwogram nan lekòl, tout te fèt yon fason pou fè mizik klasik pi aksesib pou yon nouvo piblik.

 

Pami tout onè ak distinksyon sa yo, Mesye Tilson Thomas se yon Chevalier dans l’ordre des Arts et des Lettres an Frans, li te Mizisyen Ane a ak Kondiktè Ane a nan Musical America, Atis Ane a nan Gramophone Magazin epi yo te prezante pwofil li nan 60 Minutes nan CBS ak nan Nightline ABC. Li te genyen 11 Grammy pou anrejistreman li yo. An 2008 li te resevwa Peabody Award pou seri radyo li yo pou SFS Media, The MTT Files. An 2010 yo te rekonpanse li ak National Medal of Arts nan yon seremoni nan Mezon Blanch.

 

Picadillo

Picadillo se yon gwoup mizik altènativ Latino ki melanje ansyen mizik Kiben, gwaracha ak son ak wòk, blouz ak eleman djaz New Orleans. Gwoup la te fòme Madrid e se mizisyen Kiben Héctor Agüero Lauten, Rey Rodríguez, José González ak Sol Ruiz ki te kreye li. Premye albòm lli, Las Cosas de la Vida, te fè gwoup la siyen ak Warner Chappell Publishing epi bay espektak nan nivo entèsyonal nan Kiba, Etazini, Kanada ak an Ewòp.

 

De chantè prensipal gwoup la Madàm Ruiz ak Mesye Rodriguez, te mansyone Doktè John, Benny Moré ak Billie Holiday kòm enfliyans yo. Mesye Rodriguez te fèt Kiba, tandiske Madàm Ruiz—gen paran Kiben e li te fèt Miami—te viv New Orleans pandan plizyè ane.

 

Non gwoup la (ki pwononse pika-diyo) enspirasyon yon pla Amerik-Latin ki melanje plizyè engredyan ki gen bon gou, reflete fason gwoup la melanje diferan estil mizik.

 

Albòm dezyèm ane Picadillo, ki te sòti an 2016, pote tit El Manicomio epi li prezante enstriman tradisyonèl ra tankou tres, marimbula ak òg oryantal.

 

Barry Bucaneiros

Barry Bucaneiros yo se yon Bloco etidyan eksplizif, estil karyoka ki swiv modèl sa ki twouve yo nan Rio de Janeiro. Li te fòme nan Barry University an 2013. Gwoup la sèvi ak enstriman tradisyonèl yon escola de samba, men nan yon fòma ki pi redui. Bloco yo, menm jan ak Bucaneiros yo, ka varye nan gwosè soti nan senk rive jiska 50 moun k ap bat tanbou. Men kontrèman ak pi gwo gwoup menm jan escola de samba (ki gendwa genyen jiska 350 moun k ap bat tanbou nan gwoup la) yon bloco gen obligasyon rete sou im tematik escola a, oswa enredo, epi konsa li se yon aranjman fètil pou eksperimantasyon mizikal.

 

Direktè gwoup la, Brian Potts, se yon rezidan Miami epi yon mamb aktif kominote mizikal Rio de Janeiro. Enspirasyon pou kreye Bucaneiros se rezilta kolaborasyon rapwoche li ak Gabriel Policarpo. Ansanm avèk li, li te fonde PRD Mais, yon sipègwoup jèn jenerasyon pèkisyonis k ap viv Rio de Janeiro. Nouvo albòm yo a Rittenhouse ap sòti nan pa twò lontan sou labèl Snarky Puppy, GroundUP Music. Anplis travay sa a Mesye Policarpo ap dirije tou yon bloco ki fèt ak etidyan ki rele Batuquebato kote li sèvi ak enstriman sanba tradisyonèl pou li jwe non sèlman sanba, men yon gwo varyete rit leksik Afwo-Brezilyen ak plizyè lòt estil atravè mond lan.

 

Tankou Batuquebato, prezantasyon Bucaneiros yo te enpwovize epi se gou direktè mizikal la ak metriz yon vokabilè apèl tanbou ak sinyal alamen ki te devlope ak rafine nan repetisyon ki te gide li. Pa genyen patisyon mizik—tout mizik ou te tande yo se gwoup la ki te devlope epi fè aranjman yo. Etidyan yo reflete popilasyon divès ki nan Barry University epi yo pote avèk yo enfliyans ak estil ki tounen fouraj pou prestasyon gwoup la, donk pandan rasin gwoup la baze nan sanba, yo jwe tou forró, marakatou, kalipso, ipòp, tanbou North Mississippi ak fif—ak nenpòt lòt bagay ki ka fè moun danse!

 

Koral Gospel

Koral Gospèl aswè a genyen ladann manb Tanp Legliz Advantis Setyèm Jou, Legliz Pòt Ouvè ak etidyan Florida Memorial University, ki genyen pwogram vokal yo espesyalize nan tradisyon mizik oral Dyaspora Afriken an. Moun k ap dirije koral la le Doktè Nelson Hall, yon natif Kiben ak gradye University of Miami, k ap sèvi antanke Asistan Pwofesè Mizik ak Direktè nan Pwogram Mizik Legliz nan Florida Memorial University, ak Minis Mizik Legliz Pòt Ouvè.

 

Angajman Doktè Hall ki kontinye pou mizik Dyaspora Afriken an se yon pwen distenksyon nan karyè li. Li ete etabli yon koneksyon pwofon ak Afriken-Ameriken ak tout konpozitè Latino, epi li konte pami enspirasyon mizikal pwofon li tankou kondiktè ak mèt konpozitè Mayestwo Alfredo Munar ak kondiktè koral ke yo salye sou plan entènasyonal Doktè Lee Kjelson ak Doktè André Thomas.

 

Ted Hearne

Ted Hearne se yon konpozitè, chantè ak chèf gwoup ke yo note pou “libète pan-estilistik” li a (Pichfork), “lespri sovaj” ak mizik “fre epi miskle” (The New York Times), ki “ekri ak yon gwo asirans teknik ak yon gwo pòte imajinatif” (San Francisco Chronicle).

 

The New York Times te mete oratoryo Mesye Hearne The Source sou lis pi bon espektak klasik vokal 2014 ak (ansanm ak The New Yorker ak The Nation) pi bon albòm 2015. Alex Ross te ekri nan The New Yorker ke “mòso Hearne yo kenbe tankou yon miwa imaj konplèks yon mond satire ak enfòmasyon, epi ki gen siveyans an mas ki rete debòde nan enpak li.” Pitchfork rele The Source “youn nan mizik angaje sosyalman ki pi ekspresif nan memwa resan yo—parapò ak nenpòt jan mizikal.” Law of Mosaics, ke se yon pyès 30 minit Mesye Hearne pou òkès a kòd. Pa gen twò lontan Chicago Symphony ak San Francisco Symphony te jwe li nan espektak, epi Alex Ross nan  The New Yorker’s te rele anrejistreman an youn nan albòm ki pi notab nan 2014. Albòm li genyen ki pi resan an, Sound from the Bench, ki mete an vedèt koral yo renmen anpil la, The Crossing epi li soti ane sa a nan Cantaloupe Music, te resevwa felisitasyon nan The New Yorker nan tèm sa yo: “Hearne te fòje yon gras entans ki rive nan bon lè.”

 

Mesye Hearne jwe ansanm ak Philip White elektwonik vokal diyo R WE WHO R WE epi li fè pati kolektivite konpozitè Sleeping Giant. Kolaborasyon resan li an te mete li ansanm ak mizisyen lejandè Erykay Badu. Le se yon atis pwofesyonèl aktif epi albòm ni Katrina Ballads, The Source ak Outlanders disponib nan New Amsterdam Records.

 

Mesye Hearne te resevwa Pri Gaudeamus ak New Voices Residency nan men Boosey & Hawkes. Pa gen lontan li te antre nan gwoup pwofesè konpozisyon Inivèsite Southern California. Travay resan ak travay ki pral vini genyen ladann komisyon nan San Francisco Symphony, eighth blackird, A Far Cry, Ensemble Dal Niente, Roomful of Teeth ak an evening-length travay ke li ekri an kolaborasyon ak powèt/entèprèt Saul Williams ki soti nan Los Angeles Philharmonic. Pou plis enfòmasyon vizite www.tedhearne.com.

 

Jonathan David Kane

Jonathan David Kane se yon atis ak pwodiktè fim ki sot Miami. Travay li antanke pwodiktè fim, pwodiktè, editè ak sinematograf te pwojte nan festival nan mize atravè lemond tankou nan Toronto International, Sundance, SXSW, Rotterdam, Sheffield Doc Fest, Centre for Contemporary Arts nan Glasgow, Comtemporary Arts Center New Orleans, Brookly Museum, Museum of Modern Art nan New York ak CERN nan Jenèv.

 

Travay pi resan Mesye Kane se yon kolaborasyon ak atis vizyèl Michele Oka Doner ki gen pou tit Mysterium Alive. Enstalasyon videyo kat-chèn aktyèlman ap pase jis 14 janvye 2018, kòm yon pati egzibisyon Oka Doner, Into the Mysterium nan Lowe Art Museum University of Miami. Nan kòmansman ane sa a Mesye Kane te fè premye prezantasyon La Medea nan PS122 nan Festival COIL 2017 nan Brooklyn, ke li te pwodui pou atis ak koregram Yara Travieso. Yo te dirije, prezante, filme, edite ak pwojte La Medea an tan reyèl. Rezilta fim eksperimantal la te parèt sou ekran ak akonpayman mizikal k ap jwe nan menm moman nan Festival Dance on Camera nan Lincoln Center ak nan 34yèm Festival anyèl Miami International Film.

 

Mesye Kane te kolabore deja ak New World Symphoni ansanm ak Michael Tilson Thomas nan kreyasyon plizyè fim pèfòmans eksperimantal k ap fè dokimantasyon sou Making the Right Choices: A John Cage Centennial Celebration. Li se youn nan moun ki resevwa sibvansyon 2015 Knight Arts Challenge, yon ansyen etidyan nan pwogram 2016 Berlinale Talents ak yon ko-fondatè Borscht Corporation Miami.

 

Nou Se Yon Sel Miami

New World Symphony

New World Symphony, America’s Orchestral Academy (NWS), prepare gradye pwogram mizik distenge pou wòl lidèchip nan òkès pwofesyonèl ak gwoup. Nan 30 ane depi Direktè Atistik Michael Tilson Thomas te kofonde li a, ansanm ak Lin epi Ted Arison, NWS te ede lanse karyè plis pase 1,150 ansyen etidyan nan mond lan.

 

Yon laboratwa fason yo anseye mizik, jan li prezante ak jan yo viv li, New World Symphony genyen 87 jèn mizisyen ki te resevwa bous ki dire jiska twa ane. Pwogram bous la ofri ekspozisyon an pwofondè ak repètwa tradisyonèl ak modèn, fòmasyon devlopman pwofesyonèl, ak eksperyans pèsonalize ak kondiktè vizitè k ap mennen yo, solis, ak pwofesè vizitè yo. Relasyon ak atis sa yo etann li nan vas pwogram aprantisaj a distans pa entènèt NWS la.

 

Bousye NWS yo pwofite pèfòmans etablisman modèn ak pratik ki pi resan ak sal repetisyon Frank Gehry te konsevwa nan New World Center, kanpis New World Symphony an.

 

Nan espwa pou antre nan NWS, plis pase 1,500 gradye resan lekòl mizik ak konsèvatwa patisipe nan konkou pou 35 bous ki disponib chak ane. Yo chwazi Bousye yo pou gwo opòtinite konpetitif, ki gen anpil prestij sa a sou baz kapasite ak pasyon yo pou avni mizik klasik.

 

Fondasyon Knight

Fondasyon Knight se yon fondasyon nasyonal ki gen rasin lokal pwofon. Li envesti nan jounal, nan atizay ak nan reyisit vil kote frè John S. ak James L. Knight te konn pibliye jounal. Objektif li se ankouraje kominote ki enfòme ak angaje, ke yo kwè ki esansyèl pou yon demokrasi ki an sante.

 

Gras ak plizyè patenarya yo te fè avan ak New World Symphony, Fondasyon Knight te jwe yon wòl kle nan devlopman pwogram inovatif tankou konsè WALLCAST®, Pilsasyon: Late Night at the New World Symphony, ki se Rezo anyèl Atelye Pwodiksyon Pèfòmans Atistik ak komisyon videyo ak prezantasyon nan New World Center.

 

MIT Media Lab ak Tod Machover

Pandan l ap fè pwomosyon pou yon kilti entèdisiplinè inik, MIT Media Lab ale pi lwen pase limit ak disiplin nou konnen yo, pou li ankouraje melanj ki pi enkonvansyonèl yo ak fè rapwochman domèn rechèch ki pi sanble disparat yo. Li kreye teknoloji pètibasyon ki rive nan limit yo, li te pyonye nan domèn tankou enfòmatik pòtab, entèfas tanjib ak enfòmatik afektif. Jodia, manb kò pwofesè yo, anplwaye rechèch yo ak etidyan nan Lab la travay sou 25 gwoup rechèch sou plis pase 350 pwojè ki genyen pou objektif amelyore radikalman fason moun ap viv, aprann, eksprime yo, travay ak jwe. Nan mantalite sa a, espesyalis wobotik ki obstine ak avni an, espesyalis nanoteknoloji, espesyalis newosyans ak ekspè nan vizyalizasyon done, chèchè endistri, pyonye nan entèfas òdinatè ak aktivis atis-konseptè travay kòt-a-kòt pou envante san fatige—epi re-envante—fason eksperyans moun, ka jwenn sipò teknoloji, epi pou asire yo ke devlopman yo ap fèt atravè mond lan pou avantaj maksimòm pou endividi yo ak sosyete yo.

 

Tod Machover se Pwofesè Mizik Muriel R. Cooper and Media ak direktè gwoup Opera of the Future Media Lab. New York Times rele li “vizyonè mizikal” epi The Los Angeles Times rele li “konpozitè ki pi branche nan Amerik la”, Mesye Machover se yon konpozitè ak envantè ki gen enfliyans, yo fè elòj pou mizik li kreye ki depase limit atistik ak kiltirèl tradisyonèl yo epi pou devlope teknoloji k ap devlope potansyèl mizikal potansyèl tout moun, soti nan pi gwo vityoz yo rive nan mizisyen ki genyen tout kapasite. Mesye Machover te etidye ak Elliott Carter ak Roger Sessions nan The Juilliard School epi li te premye Direktè Rechèch Mizikal nan IRCAM Pierre Boulez nan Pari. Depi 2006 li te Pwofesè Vizitè Konpozisyon nan Royal Academy of Music nan Lonn.

 

Mesye Machover popilè anpil paske li fè konsepsyon nouvo teknoloji pou espektak ak kreyasyon mizik, tankou Ipèenstriman, sistèm espektak “entèlijan” ki etann ekspresyon pou vityoz, soti nan Yo-Yo Ma rive nan Prince, epitou pou piblik la anjeneral. Jwèt popilè Guitar Hero ak Rock Band te sòti nan gwoup Mesye Machover a nan Media Lab. Lojisyèl Hyperscore li a—ki pèmèt nenpòt moun konpoze mizik orijinal ak ling epi koulè—te pèmèt timoun atravè mond lan gen mizik yo ke gwo òkès entèprete, gwoup mizik chanm ak gwoup wòk. Mesye Machover enplike anpil tou nan devlopman teknoloji mizikal ak konsèp pou kontèks medikal ak byennèt, li ede dyagnostike maladi, tankou maladi Alzheimer, oswa li pèmèt moun ki genyen andikap serebral kominike ak mizik.

 

Joy Lampkin Foster

Joy Lampkin Foster se yon estratejis pou inisyativ filantwopik ak angajman kominotè konpayi ak òganizasyon k ap chache mennen gwo chanjman kiltirèl ak chanjman sosyal adedan kominote yo. Li te sèvi antanke responsab pwojè nan inisyativ Pwojè 305 lan.

 

Madàm Lampkin Foster te kontribye ak konpetans li nan enpak estrateji sosyal, planifikasyon pwojè ak jesyon, epi sansibilizasyon kominotè nan latriye òganizasyon, ki genyen ladann Children’s Harbor Family Center, Georgia Justice Project, Turning the Page ak Fondasyon Miami. Li te dirije rechèch pou lidè òganizasyon ak gouvènman epi te fè rekòmandasyon politik pou yo. Pami yo te genyen Komisè Konte Durham lan, nan North Carolina; Direktè Lekòl Piblik Washington, D.C. pwogram sansibilizasyon edikasyon espesyal; Direktè Harvard Institute for Race and Justice. An 2016 li te lanse Delchrys Sun, ki se yon fim konsiltasyon ki angaje nan ede konpayi yo k ap chache jwe yon pi gwo wòl nan amelyore lavi kominote yo epi fè yon diferans nan kesyon dwa moun ki ijan yo.

 

Madàm Lampkin Foster te gradye nan Duke University, kote li te resevwa yon bakaloreya nan atizay ak politik piblik an 2011.

 

Nou Se Yon Sel Miami

Pwoje 305 Te Rive Atenn Jen Vwa Miami Yo

Plis pase 100 etidyan Phillis Wheatley Elementary ak Liberty City Chapter Pwojè Mizik Miami an te soumèt kontribisyon yo nan Pwojè 305 lan pa Hyperscore. Yon envansyon mizisyen, konseptè ak enjenyè lojisyèl nan MIT Media Lab, Hyperscore se yon lojisyèl ki libere kreyativite mizikal epi ranfòse kapasite nenpòt moun pou konpoze mizik. Ansanm ak etidyan yo te genyen Tod Machover ki se direktè gwoup Opera of the Future Media Lab.

 

N ap remesye patne kominote nou nan Pwoje 305 lan

14ymedia

Hussein Abdala

Adrienne Arsht Center for the Performing Arts

Ameyal Mexican

Cultural Organization

Andrew Yeomanson

Arthur and Polly Mays

Conservatory of the Arts

Asylum Studios

Barry Bucaneiros

Daniella Bertoldi

Big Brothers Big Sisters of Miami

Breakthrough Miami

Buffalo Brown

Bull Production Studios

Buskerfest Miami

Celebrate Diversity Miami

Church of the Open Door

CIC Miami

City of Hialeah

Creative Mornings

Cutler Manor Apartments

Chantil Dukart

Diarios Las Americas

Emerge Miami

Emerging Arts Leaders of Miami

Fantasy Theater Factory

Florida Film Institute

Florida Grand Opera

Florida Memorial University
Fresh Art International
Friends of WLRN
Guitars Over Guns
Nelson Hall
HistoryMiami
Holy Temple Missionary
Baptist Church
Tom Hudson
Jackson Memorial Hospital
Cleveland Jones
Jefferson Joseph
Nicole Kidd
Koubek Center at Miami-Dade College
Little Havana Tours
Lotus House

 

Miami Book Fair International
Miami Children’s Initiative
Miami Children’s Museum
Miami Film Festival
Miami Jewish Heath Systems
Miami Lakes Educational Center
Miami Music Project
Miami Temple Seventh-day Adventist Church
Miami Urban Contemporary Experience
Miami-Dade County Department of Cultural Affairs
Miami-Dade County Department of Transportation and Public Works
Miami-Dade Public Library System

MIT Alumni Club of South Florida
National Parks Conservation Association
National YoungArts Foundation
Network for Teaching Entrepreneurship
Eric Nunez
Opa-Locka Community Development Corporation
Overtown Youth Center

 

Palm Glades Preparatory Academy
Picadillo
Pioneer Winter Collective
Brian Potts
RaRa Rock Roots Rasin
Rhythm Foundation
Sandrell Rivers Theater
South Florida CARES
South Miami-Dade Cultural Arts Center
St. Philips Episcopal Day School
Stef Silva
Sweat Records
Talent4Change
The Irie Foundation
The Miami Foundation
The New Tropic
Venture Café
Keba Williams
WLRN-Miami Herald News
Yellow Wood Media
Young Musicians Unite
Zoo Miami

Manb New World Symphony 2017-18

VYOLON

 

Cynthia Burton
Gregory Cardi
Kevin Chen
Jonathan Chern
Autumn Chodorowski
Alex Gonzalez
Christen Greer
Hye Jin Koh
Alexander Lee
Yada Lee
Kenneth Liao
Sodam Lim
Peiming Lin
Margeaux Maloney
Emerson Millar
George Millsap
Sarah Peters
Christopher Robinson
Jessica Ryou
Rachel Sandman
Chelsea Sharpe
Ju Hyung Shin
Dillon Welch
Teddy Wiggins
Ludek Wojkowski
Roman Yearian

 

VYOLA

 

Daniel Fellows
Andrew François
Erica Gailing
Helen Hess
Elizabeth Oka
Jessica Pasternak
Kip Riecken
Jarrett Threadgill
Kurt Tseng
Jesse Yukimura

 

VYOLONSEL

 

Meredith Bates
Jennifer Choi
Alexa Ciciretti
Drew Comstock
Michael Frigo
Ian Greenberg
Jacob Hanegan
Blake-Anthony
Johnson
Alan Ohkubo

 

BAS

 

Douglas Aliano
Andrea Beyer
Andrew Chilcote
Michael Fuller
Kevin Gobetz
Jonathan Reed
Mary Reed

 

FLIT

 

Johanna Gruskin
Elizabeth Lu
Masha Popova

 

OBWA

 

Adèle-Marie Buis
Kristin Kall
James Riggs

 

KLARINET

 

Zach Manzi
Jesse McCandless
Daniel Parrette

 

BASON

 

Brenton Foster
Darren Hicks
Francisco Joubert
Bernard

 

KO

 

Dominic Brancazio
Nick Castellano
Roy Femenella
David Raschella
Priscilla Rinehart

 

TWONPET

 

Mark Grisez
Aaron Norlund
Ansel Norris

 

TWONBON

 

Kelton Koch
Joseph Peterson

 

TWONBON BAS

 

Lisa Stoneham

 

TOUBA

 

Jarrett McCourt

 

TEMBAL

 

Erich Rieppel

 

PEKISYON

 

Michael Daley
Andrew Johnson
Stephen Kehner
Joseph Kelly

 

AP

 

Chloe Tula

 

PYANO

 

John Wilson
Dean Zhang

 

DIREKSYON

 

Dean Whiteside

 

BIBLYOTEK

 

Matthew Searing

 

JENI SON

 

Cody Engstrom